💳 1. Peman ak MonCash
Peye fasilman atravè telefòn ou ak aplikasyon MonCash.
Rapid, senp, epi trè pratik
Disponib 24 sou 24, 7 sou 7
Ou resevwa konfimasyon peman an imedyatman
Nimewo MonCash nou ap parèt lè w ap valide acha w la.
🏦 2. Transfè Bankè (pou gwo acha)
Pou gwo kòmand, ou ka fè yon transfè bankè sou kont FastMarket lan.
Nou aksepte transfè depi nan tout bank lokal yo
Ou resevwa detay kont lan otomatikman apre ou fin mete lòd la
Lòd ou ap trete apre verifikasyon peman an
💸 3. Peman an Lajan Kach (Cash on Delivery) (Apre lansman livrezon lokal)
Nou prepare sistèm pou peye lè ou resevwa pwodwi a lakay ou. Sèvis sa ap disponib trè byento nan kèk vil.