
Nan yon mond kote teknoloji ap grandi chak jou, li enpòtan pou bay antreprenè ayisyen yo zouti ki nesesè pou yo reyisi nan komès sou entènèt. Se pou sa FastMarket te fèt.
Yon Platfòm Ki Panse Pou Ayisyen, Pa Ayisyen
FastMarket se pa yon platfòm tankou tout lòt. Li te kreye pou reponn bezwen espesifik komèsan ak konsomatè ayisyen yo. Nou konnen ke wout la pou digitalizasyon ka konplike, espesyalman ak defi ekonomik ak enfrastrikti ke anpil antreprenè ap fè fas. Se poutèt sa nou te devlope yon platfòm ki fasil, entitif, epi pi enpòtan, lokal.

Ki Avantaj Pou Founisè Yo ?
Lè ou se yon founisè sou FastMarket, ou jwenn anpil avantaj ki pèmèt ou konsantre sou sa ou fè pi byen : vann pwodwi ou yo. Men kèk nan avantaj yo :
- Pa gen envestisman inisyal : Soti nan òf lanse nou an, ou ka ouvri boutik ou san okenn frè pandan twa mwa.
- Kominisyon redwi : Nou ap pran sèlman 5% komisyon pandan peryòd lansman an, yon pousantaj ki byen pi ba pase lòt platfòm entènasyonal yo.
- Vizibilite ogmante : Avèk FastMarket, ou pa yon machann nan mitan lòt moun. Ou jwenn vizibilite maksimòm sou sit la, nan kanpay piblisite nou yo ak sou rezo sosyal nou yo. Objektif nou se ede ou fè plis moun konnen boutik ou.
- Fasilite itilizasyon : Kreye yon boutik sou FastMarket se fasil e rapid. Ou pa bezwen yon ekspè nan teknoloji. Platfòm nou an fèt pou nenpòt moun ka itilize li san pwoblèm.
- Sipò lokal : Ou bezwen èd ? Pa gen pwoblèm. Ekip nou an se disponib epi reponn rapid sou WhatsApp, pa imèl oswa menm pa telefòn.
Kisa Ki Fè FastMarket Inik ?
FastMarket pa sèlman ofri yon platfòm pou vann. Nou angaje nou pou nou chanje peyizaj e-komès la an Ayiti, epi kreye yon kominote antreprenè. Nou vize bay chak machann ayisyen opòtinite pou vann pi plis, pandan n ap sipòte ekonomi lokal la. Se yon pwojè pou Ayisyen, pa Ayisyen.

Poukisa Chwazi FastMarket Kòm Konsomatè ?
Pou konsomatè ayisyen yo, FastMarket reprezante opòtinite pou fè acha sou entènèt pandan y ap sipòte biznis lokal yo. Ou ka dekouvri yon varyete pwodwi ki soti dirèkteman nan atizan ak komèsan ayisyen, tout sa nan pri konpetitif ak ak livrezon rapid. Achte lokal pa janm te tèlman fasil.
Yon Avenir Promètè Pou E-komès An Ayiti
Avantur FastMarket la sèlman kòmanse, e nou gen gwo pwojè pou lavni. Nou gen plan pou devlope nouvo fonksyonalite, tankou aplikasyon mobil, sistèm peman via MonCash, opsyon livrezon pi fleksib, ak plis ankò.
Rejwenn Revolisyon Komès Lokal Sou Entènèt Avèk FastMarket !
Si ou se yon antreprenè, yon ti biznis, oswa menm yon gwo mak, FastMarket ofri ou opòtinite pou lanse biznis ou sou entènèt san pwoblèm teknik. Vin dekouvri platfòm nou an epi lanse boutik ou kounye a.
Pou plis enfòmasyon oswa pou enskri, vizite sit entènèt nou an epi kòmanse vann jodi a !