Legal

Dènye Mizajou: Avril 2025

📄 Kondisyon Itilizasyon FastMaket

📄 Kondisyon Itilizasyon FastMarket

Lè ou kreye yon kont, fè acha oswa mete pwodwi sou FastMarket, ou dakò respekte tout kondisyon ki ekri nan paj sa a. Si ou pa dakò, tanpri pa sèvi ak platfòm la.

👤 Kreyasyon Kont

Pou itilize tout sèvis FastMaket, ou dwe:

  • Bay enfòmasyon egzat sou ou oswa biznis ou
  • Chwazi yon modpas ki sekirize
  • Pa pataje kont ou ak lòt moun
  • Responsab pou tout aktivite ki fèt sou kont ou

🛍️ Achte ak Vann sou FastMaket

Pou achtè yo:

  • Ou dwe bay enfòmasyon kòrèk pou livrezon
  • Ou dakò peye pou pwodwi ou mete nan kòmand ou
  • Ou pa dwe fè fo kòmand

Pou vandè/founisè yo:

  • Ou responsab pou bon jan kalite pwodwi w yo
  • Ou dwe mete foto, deskripsyon ak pri ki kòrèk
  • Ou pa dwe vann pwodwi ilegal, danjere oswa entèdi pa lwa

💵 Peman

Nou aksepte peman atravè MonCash, transfè bankè, oswa lòt metòd lokal. Tout peman dwe fèt anvan livrezon.


🚚 Livrezon ak Retou

  • Founisè yo dwe voye pwodwi yo alè, dapre enfòmasyon achtè bay la.
  • Retou pwodwi sèlman aksepte si pwodwi a defektye, pa sa ou te kòmande, oswa pa rive.
  • Règleman retou a ka varye selon founisè a.

🚫 Sèvis entèdi

Ou pa gen dwa itilize FastMaket pou:

  • Fè fwod oswa eseye vòlè lòt itilizatè
  • Mete kontni ki ofansif, vyolan oswa rasis
  • Fè piblisite san pèmisyon
  • Vann dwòg, zam, medikaman san lisans, oswa lòt pwodwi entèdi

📷 Pwopriyete Entèlektyèl

Tout kontni sou FastMaket (logo, foto, tèks, konsepsyon) se propriyete FastMaket oswa founisè yo. Ou pa gen dwa kopye, modifye oswa itilize san pèmisyon.


🔒 Sekirite ak Konfidansyalite

Nou pran sekirite enfòmasyon ou trè oserye. Gade [Politik Konfidansyalite nou an] pou plis detay sou kijan nou trete enfòmasyon pèsonèl ou yo.


❌ Sispansyon Kont

FastMaket gen dwa sispann oswa efase kont ou si:

  • Ou vyole kondisyon sa yo
  • Nou resevwa plizyè plent sou ou
  • Ou mete sit la oswa lòt itilizatè an danje

📬 Kontakte Nou

Si ou gen kesyon oswa konfizyon sou kondisyon sa yo, tanpri kontakte nou:


✅ Akseptasyon Final

Lè ou kontinye itilize FastMaket, ou konfime ke ou li epi ou dakò ak tout kondisyon itilizasyon sa yo.

Purchase Theme

Purchase the Motta now and make everything easier

10% Rabè + Livrezon Gratis

Abòne ak nou sou Whatsapp ak Facebook

Lè w abòne, ou dakò ak Tèm ak Kondisyon nou yo epi ak Politik Konfidansyalite nou an.

Home Shop 0 Wishlist Account
Main Menu
Shopping Cart (0)

Your bag is empty

Don't miss out on great deals! Start shopping or Sign in to view products added.

Shop What's New Sign in